Poukisa renmen konn bay pwoblèm?

Poukisa renmen konn bay pwoblèm?

Poukisa renmen konn bay pwoblèm?

Youn nan pi gwo pwoblèm ki ka detwi jenès yon moun se relasyon santimantal lè li renmen san li pa menm konn pou ki rezon. Sitou an Ayiti kote non sèlman edikasyon seksyèl timoun yo pa fèt men sitou paran yo trè vyolan lè yo konnen pitit fi yo renmen.

De moun ki renmen ta dwe yon bèl bagay, yon relasyon tout moun aplodi paske Bondye te fè fanm pou gason e se gras ak renmen ki fè gen maryaj, pitit e fanmi. Pou mwen, renmen se pi gwo relasyon lòm ka devlope antre yo. Se yon santiman ki ka mare de kilti, de relijyon, de edikasyon, brèf de kalite moun. Ou te mèt sesi sela entèlektyèlman, sosyalman, nan kesyon renmen nenpòt moun ka fèw fè tenten, kriye tankou egare (ri). Se poum diw kòman santiman sa fò.

Men poukisa yon bon bagay konsa jwenn blam, jouman, entèdiksyon, e pafwa vyolans? Ou petèt pat janm panse ak sa men jodi a map pataje avèw youn nan rezon ki ka lakoz renmen bay pwoblèm.

“Mank matirite”

Matirite se lè fòs entèlektyèl ak fizik yon moun devlope konplètman. Se pa lè yon fi ka di non sèlman ni lè l ka renmen ak yon sèl gason, de menm pou gason an. Yon moun gen matirite lèl ka deside pou kont li e sibi konsekans desizyon li. Lè map trete sijè sou matirite nan edikasyon seksyèl, mwen toujou di jèn yo, si w renmen ou pa ka mete paranw, pastè legliz ou okouran, konnen w pa gen matirite paske ou renmen an kachèt, ou pa vle yo konnen sa wap fè.

Alfred de Vigny ( 1797-1863), powèt, romansye e dramatij fransè te ekri nan “Cinq-Mars” (1826), yon roman ke menm Victor Hugo te felisite, : Amis, qu’est-ce qu’une grande vie, sinon une pensée de la jeunesse exécutée par l’âge mur.” Bò kote pa li, Nicolas Boileau, fransè, (1636-1711), te ekri: Chaque âge a ses plaisirs et ses mœurs. Kidonk, yon jèn ap toujou lib pou l deside renmen, se yon dwa pèsonn pa ka vyole men sa dwe fèt nan tan li.

Sin chita sou sa Boileau di a, nap wè rezon ki fè timoun 15-16 lane ap tonbe ansent konsa se nan plezi seksyèl. Antouka, si yo pa ka anpechew pran pleziw, pa di yo rayiw ni Bondye pa renmen w lè wap peye po kase a. Kontan prete, kontan remèt.

Kisa yon paran vle lè l ap anpeche pitit li renmen twò bonè ? Malè oubyen bonè? Konstwi avni l oubyen detwi l?

Jodi a, gen jèn fi ki twouve yo nan sitiyasyon deplorab jis paske yo pat vle pran tèt yo. Yo rive fè bagay yo patap janm imajine, men se konsekans tèt di, imatirite ki mete yo la. Gen jèn gason ki te ka medsen, avoka, gwo biznisman, gwo plantè, men akoz renmen san gade dèyè, yap soufri nan travay di pou okipe plizyè pitit. Kilès ki responsab? Bondye oubyen leta? Paran oubyen sosyete? Non, se yo menm paske se yo ki te chwazi renmen.

Paul Léautaud, yon moralis fransè (1872-1956), te di: “Être grave (dangereux) dans sa jeunesse, cela se paie souvent par une nouvelle jeunesse dans l’âge mûr”.

Siw vle yon bèl avni, poze bèl aksyon.
Ou vle renmen, tann lè w paske lanmou pap mouri, li pap kouri. Plis ou pran sanw pouw renmen, se plis wap ka prepare demen w.

Eske n ka konte konbyen jèn fi ki gen 2 3 pitit lap okipe nan malsite akoz li pat tann lè l pou l renmen? Non, ebyen pa ogmante l.

Ala bèl sa bèl lè w marye, ou nan kay ou ak madanm e pitit ou. Ala bèl sa bèl lè paranw ap mandew koman madanm/mari w ye!

Lavi a senp, ann sispann konplike l.

JDE

Related posts